Kiyès Etzer ye Emile

Etzer Emile marye, li gen de pitit gason. Li fèt Kavayon, nan Sid la. Li se ekonomis, antreprenè, otè ak pwofesè. Li kandida pou prezidan anba labànyè Gwoupman Solèy, ak yon pwogram ki gen sèt gwo chantye.

Yon Ayiti ki an sekirite, ki pwospere, ki jis, ki granmoun tèt li

Se angajman sa ki louvri pwogram gouvènman l lan: yon repiblik kote chak sitwayen ka viv ak diyite, ka lanse pwòp biznis li, ka mete men nan devlopman peyi a. Pou sa rive fèt, Leta dwe kòmanse pa remete sekirite ak jistis, epi reprann otorite l sou tout teritwa a. Pwogram nan mete fanm yo, jèn yo ak dyaspora a nan mitan chanjman sa, paske se yo ki pote l.

Soti Kavayon, rive Taywann ak Avad (Harvard)

Etzer Emile grandi Kavayon, nan depatman Sid la, nan yon fanmi ki te angaje nan sèvis kominotè: li se pitit pastè Alnève Emile, ansyen prezidan « Mission Évangélique Baptiste du Sud d'Haïti ». Li gen yon lisans nan syans ekonomik nan Inivèsite Kiskeya, epi li etidye sosyoloji tou nan Inivèsite Leta Ayiti.

An 2008, li jwenn yon bous detid nan men gouvènman Taywann nan, li aprann mandaren nan « National Central University », epi an 2011 li pran yon MBA nan finans ak bank nan Inivèsite « Tamkang ». Li swiv lòt pwogram sou antreprenarya, inovasyon ak devlopman ekonomik Ozetazini, nan Meksik, nan Gwatemala ak nan Taywann. An 2015, li pran fòmasyon sou gouvènans, devlopman ekonomik ak inovasyon nan « Harvard Kennedy School of Government ».

Bati enstitisyon ki ka dire

Depi 2012, li te direktè adjwen Sant Antreprenarya ak Inovasyon Inivèsite Kiskeya, epi an 2015 li vin direktè sant lan. Pandan plizyè ane, li akonpaye moun k ap kreye biznis, li ranfòse kapasite ekonomik peyi a. Depi 2020, li se prezidan « Fondation Avenir », ki travay sou edikasyon finansye, edikasyon sivik ak antreprenarya. An 2024, li fonde « Haïti Efficace », yon konpayi konsèy sou etid mache, plan biznis ak fòmasyon pwofesyonèl, epi an 2026 li lanse AyitiLab pou akonpaye jèn konpayi teknoloji ayisyen yo.

Sou teren an, li bay koperativ, asosyasyon pechè, òganizasyon agrikòl, asosyasyon spòtif ak inivèsite sipò nan plizyè depatman. Milo, Pòmago ak lòt kote, repòtaj li fè ak moun k ap fè myèl, ak pwodiktè papay, ak pechè, montre vrè ekonomi peyi a, ekonomi sa a ki se baz pwogram li an.

Otè, edikatè ak kandida

An 2017, li pibliye « Haïti a choisi de devenir un pays pauvre : les 20 raisons qui le prouvent », yon liv ki analize sa ki bare devlopman peyi a, depi ekonomi ki viv sou privilèj, rive nan feblès enstitisyon yo ak mank envestisman nan pwodiksyon nasyonal la. Depi plis pase 10 an, li bay konferans ann Ayiti ak aletranje, epi chak semèn li prezante yon emisyon sou edikasyon finansye sou « Télé Caraïbes, YouTube ak Facebook ».

Li kandida pou prezidan pou l egzekite yon pwogram ki pati sou yon bagay Ayisyen konnen depi lontan: peyi a pa pwodui ase, epi sa l pwodui a pa byen pataje. Pwogram 2028-2033 la gen yon lòd klè: sekirite, apre sa enfrastrikti, kreye travay ak edikasyon. Li angaje Leta pou l rann kont devan tout moun: yon tablo swivi yo mete ajou chak twa mwa, ak yon rapò Prezidan an fè devan Nasyon an chak ane.

<a href="/ht/priorites">Li priyorite yo</a>